Loading...

Download
  • Genre:Gospel
  • Year of Release:2023

Lyrics

Jou k'te 13 me 1917

Yon dimanch ou fè aparisyon

Devan twa timoun ki t'ap priye

Se Lucie, François ak Jacinthe

Ou di yo pa pè, se nan syèl ou sòti

Se konsa mesaj la gaye

Li kouri nan tout Pòtigal

Lavyèj te desann pou l'fè nou konnen li la


Avèk ou Manman Nòtredam Fatima

N'ap chèche prezans Bondye nan lòt yo

Ede nou tanpri monte mòn delivrans lan

Pou nou jwenn sekou n'ap chèche byen lontan


Timoun yo wè yon bèl madanm

Ki desann sou yon bèl touf bwa

Abiye tout an limyè

Pi klere pase solèy la

Yo di li : Sa w vle? e ki kote w sòti

Li di yo : Fòk nou lapriyè

Gen konfyans nan Bondye nou an

Nou gen pou n' soufri men n'ap pote laviktwa


Avèk ou Manman Nòtredam Fatima

N'ap chèche prezans Bondye nan lòt yo

Ede nou tanpri monte mòn delivrans lan

Pou nou jwenn sekou n'ap chèche byen lontan


Ou pa gade sou figi moun

K'ap mennen sou gwo aparans

Ou chwazi sila k pi senp lan

Pou w pran kontak avèk li

Kit li pa t konn li, kit li pa t konn ekri

Pou gaye mesaj sa a patou

Konvèti epi kite peche

N'a va libere anba pouvwa lanmò


Avèk ou Manman Nòtredam Fatima

N'ap chèche prezans Bondye nan lòt yo

Ede nou tanpri monte mòn delivrans lan

Pou nou jwenn sekou n'ap chèche byen lontan


Ayiti bezwen prezans ou

Nan tout sans, nan tout sikonstans

Nan mizè pwoblèm lavichè

Maladi ak tribilasyon

Se nan lapriyè na kab rale yon souf

Ou di fò n' fè chaplè chak jou

Pou peche mond sa a jwenn padon

Pou ka gen lapè e pou lagè sispann


Avèk ou Manman Nòtredam Fatima

N'ap chèche prezans Bondye nan lòt yo

Ede nou tanpri monte mòn delivrans lan

Pou nou jwenn sekou n'ap chèche byen lontan


Je suis venue vous demander de venir ici

Pendant six mois de suite

Le treize de chaque mois à cette même heure

Ici ici


Jodia, nou sou tèt mòn nan

Nan Bwanèf, nape lapriyè

Nou bouke Manman Fatima

Ba nou fòs pou n'jwenn soulajman

Avèk ou Manman, n'ap pote laviktwa

Se konsa Jezi va aji

Pou laglwa Bondye Papa a

Ak Lespri Sen an na ranpote batay la


Avèk ou Manman Nòtredam Fatima

N'ap chèche prezans Bondye nan lòt yo

Ede nou tanpri monte mòn delivrans lan

Pou nou jwenn sekou n'ap chèche byen lontan


Avèk ou Manman Nòtredam Fatima

N'ap chèche prezans Bondye nan lòt yo

Ede nou tanpri monte mòn delivrans lan

Pou nou jwenn sekou n'ap chèche byen lontan


Avèk ou Manman Nòtredam Fatima

N'ap chèche prezans Bondye nan lòt yo

Ede nou tanpri monte mòn delivrans lan

Pou nou jwenn sekou n'ap chèche byen lontan

More Lyrics from Manès Morin Songs

+

      -   or   -

      -   or   -

      NG +234

          Please Select A Playlist

          Add New Playlist

          Share on

          Embed: Love & Light EP

          Custom Size :

          • Default
          • Desktop(300*600)
          • Mobile(300*250)

          Type :

          • HTML/HTML5 (WordPress Supported)
          Get Boomplay Premium
          for
          Payment Method
          Pay With
            Review and pay
            Order Date
            Payment Method
            Due Today
            Flutterwave
              Subscription Successful

              Congratulations! You have successfully activated Boomplay 1 Month Premium.

              Now you have access to all the features of Boomplay App.
              Payment Failed

              Please check your balance and then try again.

              You'll lose your subscription if we don't have a working payment method for your account, so please check your payment details.
              Need help? Contact Boomplay Subscription Support.
              Payment Processing...
              10 s

              Payment is being processed by . Please wait while the order is being comfirmed.

              Payment Processing
              Your order is processing, and it may take up to a few days for the service provider to handle your payment. Please kindly stay tuned and check your order status in ‘User Center’.
              About Order Status