Loading...

Download
  • Genre:Spoken Word
  • Year of Release:2023

Lyrics

Monarque le Grand M

M ekri nan lonè Eslam paske Eslam fè lonè m

Soti bonè m antre ta jou k pou'm chèche respè lè map di lonè m

Byen reflechi pou ekri

M ekri pou reflechi byen

Eslam se zam fwa'm chwa'm cham kwa'm antan ke Ekriven

Map monte yon kalvè sou baz panse monte rim jis pou m fè yon dal vè

Lè atis Pent pa vle desine'm nan Pwezi m chwazi kreye imaj mwen

M son piti an gran gen sa kap mande ki laj mwen

M konn tout tou vire m kon toupi

Ekri se plezi m menmsi yape toupizi m

Map toujou akro ak rim mwen

Pa mande'm koze si w pa konprann akro rim mwen

Akò vi mwen se yon amalgam panse pawòl pouvwa devan yon piblik pou map pibliye zèv mwen

Nan eslame m vin konn plis

Mwen avèl nou konplis

M kondui bak mwen byen pou m ka konsolide

Slam alekoum fè m konn gen Ekriven ki konn solidè

Slam banm rasin pou m grandi yon fason pou m simaye grenn

Nan lide rekonsilye tout tèt grenn degrennen

Paske chak grenn tèt konte pou mwen

Slam ap chanje chemiz pou mwen

Apre swè m fin bay

Map toujou kanpe goumen apresye m ou pa

Slam son terapi li se sèl plezi k ka trete

M gen pou m pase ale ale se sèl pwezi kap rete

Slam alekoum

Slam alekout


Sou chimen m te arive pèdi tras mwen

M te santi m debousole dekontwole e menm demantibile

Fè nwè ak lajounen te fè yon sèl

Nuit yo te san somèy

Jounenm te san solèy

M kwaze yon boy

M pa konn sil apetisan ou pa

Men m jis vle wè l kap neye nan pwa m

Sanzatann slam fè aparisyon l nan legzistans mwen pou konble vid mwen

Depi lè l penetre vi'm nan lòj mwen vire lanvè

Lanmèd si Slam pa fè w vini siw pa deside vizite kò pwezi

Lè l touche m tout orizon m kite stad de mil

Fason l djonpe sou asonans mwen menm alterasyon m konn fè jalouzi

Gon jan li admire kapital peyi ba m tout kat mwen kazino m opilan

Pafwa m konn anvi rele kawo nan mitan an ki pa janm bouke kenbe las mwen

Ak yon moso kè li fè m vini an dam

Ssslam m santi w rive sou tèt pwezi m

Ou mèt kite plim ou vomi sou mwen

Kite m savoure lank lan

Kite m chematize gouyad ba yo sou fèy mwen

Kite m kite m kite m tanpri kite m vèsifye jemisman m yo ak souf ou jou k pwezi a fè m sansib ak penso pwezi

M pran nan kouran pwezi

poul sa resi twòp pou mwen

Sa son Slam à lire ki defini Slamarlie an slam

Slam


Mwen m salouwe bote m

M salouwe divini ke w ye a

Fòs limyè nan moman je pete klere a

Ou son enèji ou son nanm plis kon relijyon

Preche Pwezi a depi sou premye verse la lespri m ki te toumante a tou poze

Enpoze lè men ak zòrèy yo te enpoze

Touche slam ou menm poukont ou son misyon

M renmen kouto w

Meyè fason pou m fann movo moman yo

M renmen touchew tou otan ke w renmen touche konsyans

Karese ti figi estil ou son privilèj

Yon kreyasyon ekstraòdinè

E chak bizou m baw son imaj ou banm son

Chak imaj m baw son bizou ki banm son

Bref nap pataje emosyon

Chak sot nan kè al nan kè

Chak grenn Eslamè son aviyatè kap pilote syèl

Bouch ou nan zòrèy mwen de je m fèmen vwayaj la asire Alò Slam Mèsi pou lannuit yo ou geri Kè brize yo ou kole Lè lwa yo pa jis ou fè Powèt yo revòlte

Yoow map fon panse spesyal ak calangouw Isra

Slamart ak tout sa k te ede mouvman an vanse e ak sila tou ki tap di nou gen foli jodi a kap fou pou nou

Map di nou yeah le slam va bien maintenant


Poum te onore slam nan kèk ba m pat oblije fè fèt

Chak Eslamè son Ewo nou tap fè l pou lanmou san pat gen resèt

E lè n resi mande pou yo peye n travay nou yo di nou pa fèl pou lanmou

Mwen slam se nanm mwen e san nanm pa gen vi

M konn nan vire tounen poum respire lè enspirasyon m vle bout men m pat gen dout sou sansasyon ak lanmou ke slam gen pou mwen

M vle onore slam ak chak grenn Eslamè ki pat abandone

Tout lè yo tap di Encre d'or ou fò vre men poukisa w pa rap oubyen chante

Men yo pa konnen tankou D-Fi si Slam sove vi'm

Rim nan tèks mwen eksprime souri m e dèyè souri'm kache tristès ke m pa ka eksprime

E se sou kaye m pi byen eksprime eksperyans vi'm

Se slam ki banm esperans e ki met sans nan vi'm

Honneur et mérite au slam

L'oraliture est un talent mais le slam c'est le talent de L'oraliture

Le Slam met du sens à mon écriture

Et mon écriture defini mon encre d'or

Larezonnen pou Apollon

Larezonnen pou Wadly

Larezonnen pou Monarque

Samy amor e tout lòt Eslamè kap goumen pou mouvan an

Larezonnen


Slam alekoum

Still vibe monopolis Don d'or slam alekoum

Tèks mwen fè efè sou yon SOL nan pataje kèk DO sou yon sèn rele'm doktè pwezi Chak fwa w fin koute tèks mwen kap tou rete kèk pèn

M chèche dekore kèk mo pou sanse se pa pou bèl

M ka chwazi ekri kèk lèt pou konsyans ou se pa pou bwèl

Se pa pou dwèt menmsi devan w m ta va pwente le majè

Men se pou m dirèk sou kèk tèks ki minè kap panse ke yo majè

Pawòl mwen yo ka senp se vre men sou nenpòt beat yo konplike

Wap konnenm te file anpil se kon w pike

Fasonm fè chema sou beat la se kòmsi ke mo yo te mare avèm

Oh Bondje gad janm fè kè slam kontan paske l te kwaze avè m

Aprè tèks sa nou mèt konnen fans yo pral tou bwase avè m

M pat janm pè pèsòn malgre respè m gen pou nou tout

Men depi se Slam mesye nou deja konnen lap kase avè m

Gen sak pral di Don pouki tout dezòd sa

Poukisa nan yon ti slam w aplike tout metòd sa

Si nap fè slam mesye fè l pouki tout mekòp sa

Si ba nou yo ka sèvi trètman pouki tout mikwòb sa

M pa chwazi pase jann pase a nan yon sans li patap fè sans pou mwen e m patap fill li

M chwazi onore Slam nan fason pou m fè kè l kontan

Epi m fini

Don d'or

+

      -   or   -

      -   or   -

      NG +234

          Please Select A Playlist

          Add New Playlist

          Share on

          Embed: Love & Light EP

          Custom Size :

          • Default
          • Desktop(300*600)
          • Mobile(300*250)

          Type :

          • HTML/HTML5 (WordPress Supported)
          Get Boomplay Premium
          for
          Payment Method
          Pay With
            Review and pay
            Order Date
            Payment Method
            Due Today
            Flutterwave
              Subscription Successful

              Congratulations! You have successfully activated Boomplay 1 Month Premium.

              Now you have access to all the features of Boomplay App.
              Payment Failed

              Please check your balance and then try again.

              You'll lose your subscription if we don't have a working payment method for your account, so please check your payment details.
              Need help? Contact Boomplay Subscription Support.
              Payment Processing...
              10 s

              Payment is being processed by . Please wait while the order is being comfirmed.

              Payment Processing
              Your order is processing, and it may take up to a few days for the service provider to handle your payment. Please kindly stay tuned and check your order status in ‘User Center’.
              About Order Status