Loading...

Download
  • Genre:Hip Hop & Rap
  • Year of Release:2012

Lyrics

Yon ti erè ke mwen te fè

Te fè la vim tounen y lanfè

Ou fin kitem wap panikem

Eske se vre ou vle tiyem

Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi

Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri

Menm Bonbye pa bay de pèn alafwa

Poukisa ou pa sispann banm traka


Pouki nou pa ansanm depi ou wèm ou tonbe agasem

Pouki lèm yon kote ou vin parèt ou tonbe trakase

Ou pa yon ènmi pou mwen m pa wè rezon pouki wap nwim toujou

Ou kapab diferan de mwen ki koz mwen pa nan viw toujou

Se pa destenn poun kontinye

Menmsi m gen tò mwen diw ase

Lanp lanmou n rive etèn fok n akseptel sa dwe pase

Lè moun palew de mwen nonm se pi gwo mo k sot nan bouch ou

Gen lèw gentan bliye si se mwen ou te konn rele chouchou

Ou dim paka fè bonè

Mwen vle ale san regrè

Nan la vi pa janm di jamè

Pran pleziw tanpri banm lapè

Lèn te konn gen pwoblèm pat janm te konn nan rakonte zanmi

M pa wè poukisa se jodia ou deside banm bri


Ase mwen santim fatige

Ase pouki wap panikem

Ase mwen santim pakabap ankò

Se ou kap koz lanmòm

Ase mwen santim fatige

Ase pouki wap panikem

Ase mwen santim pakabap ankò

Yeah eah


Apre tout sa ki fin pase pouki se mwen ou toujou ap chache

Fin fè viw wap machak kom wap pale sou dom tout kotew pase

Ou tou fèm wè ke lanmou pi devan ka tounen pyèj

Pandan wap jijem pou sam te fè ou menm ou pa yon sent vyèj

Pouki depim tandew nan yon zòn mwen menm m oblije lase

Plede relem nan telefòn chak jou vim wap menase

Wap mache wap chachem, plede mande kote mwen pase

Kotem kache, kounya m fache sim te fèw bagay ki mal mwen diw ase


Ase mwen santim fatige

Ase pouki wap panikem

Ase mwen santim pakabap ankò

Se ou kap koz lanmòm

Ase mwen santim fatige

Ase pouki wap panikem

Ase mwen santim pakabap ankò

Yeah eah


Tout kotew pase wap palem mal wap dim se vagabon

Menm soufri ase, m konenm few mal se pa mwen k pi pa bon

Mwen fout bouke fwa sa

M refize pot kwa sa

Wap gade byen li pa nòmal poum abese fwa sa

En an gentan pase deja m santim anvi chanje paj

Ou dim gen tò devan la lwa menw vle jijem avek raj

Pa janm gen pèn san sekou

Pat dwe gen hèn an retou

Pran jew gadem wap wè etam, menm lem konenm baw degou

Konpreyansyon, afeksyon prensipdebaz tout relasyon

Te merite afeksyon, avan tou konenm se gason

Non machè sa pa bon

Atansyon pa kapon

Pa kwè se mwen sèlman ki rann jwèt la vin makawon


Yon ti erè ke mwen te fè

Te fè la vim tounen y lanfè

Ou fin kitem wap panikem

Eske se vre ou vle tiyem

Ooo

Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi

Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri

Menm Bonbye pa bay de pèn alafwa

Poukisa ou pa sispann banm traka


Mwen pa premye nèg ki twonpe yon fi

Poukisaw chwazi se mwen sèl ki dwe mouri

Menm Bonbye pa bay de pèn alafwa

Poukisa ou pa sispann banm traka


Ase mwen santim fatige

Ase pouki wap panikem

Ase mwen santim pakabap ankò

Se ou kap koz lanmòm

Ase mwen santim fatige

Ase pouki wap panikem

Ase mwen santim pakabap ankò

Yeah eah


Ase mwen santim fatige

Ase pouki wap panikem

Ase mwen santim pakabap ankò

Se ou kap koz lanmòm

Ase mwen santim fatige

Ase pouki wap panikem

Ase mwen santim pakabap ankò

Yeah eah

Similar Songs

+

      -   or   -

      -   or   -

      NG +234

          Please Select A Playlist

          Add New Playlist

          Share on

          Embed: Love & Light EP

          Custom Size :

          • Default
          • Desktop(300*600)
          • Mobile(300*250)

          Type :

          • HTML/HTML5 (WordPress Supported)
          Get Boomplay Premium
          for
          Payment Method
          Pay With
            Review and pay
            Order Date
            Payment Method
            Due Today
            Flutterwave
              Subscription Successful

              Congratulations! You have successfully activated Boomplay 1 Month Premium.

              Now you have access to all the features of Boomplay App.
              Payment Failed

              Please check your balance and then try again.

              You'll lose your subscription if we don't have a working payment method for your account, so please check your payment details.
              Need help? Contact Boomplay Subscription Support.
              Payment Processing...
              10 s

              Payment is being processed by . Please wait while the order is being comfirmed.

              Payment Processing
              Your order is processing, and it may take up to a few days for the service provider to handle your payment. Please kindly stay tuned and check your order status in ‘User Center’.
              About Order Status